Kisa ki ka pouse w gen lide mete bout a lavi w ?
Sa poko janm rive w vye lide, lide dwat goch ap monte nan lespri w? Lide pou w menm mete bout a lavi w ?
Dezisyon pou touye tèt ou, sa yo rele nan lang franse an « Suicide », pa janm yon chwa ki chita sou rezon. Anpil fwa se yon reyaksyon moun lan fè akoz anpil santiman kote moun lan santi l pou kò l, li dezespere, li sanble ak yon moun ki pa itil anyen oubyen li pa gen sou pyès moun pou l konte. Nou kapab di se yon pakèt siy ak sentòm ki sanble kou de gout dlo ak siy ak sentòm yon sila kap travèse yon moman « krèv kè » oubyen yon moman depresyon ki se prensipal faktè risk pou yon moun mete bout a lavi l.
Nan moman sila yo soufrans sikolojik la parèt pi gwo nèg pase tout mwayen oubyen resous yon moun ta kapab genyen pou li fè fas ak sitiyasyon difisil sila a. Desizyon pou met bout a lavi an parèt kòm sèl mwayen pou kouri dèyè doulè entolerab sa a. Nan sans sa a, desizyon pou met bout a lavi w li mennen avè l 2 gwo pwosesis men longè : se sa ki mennen moun lan ap deperi nan moral li epi ki fè l genyen anpil ide pou l touye tèt li e gen yon lòt kote sa ki fè moun lan ap tann pwòch li yo ki pou pote l sekou lè l pi bezwen nan moman an men sa vin parèt tankou yon moman dèy ki difisil anpil anpil.
Tout doulè ak rezon yon moun kapab bay ki fè l anvizaje mete fen a lavi l pa kenbe pou tout moun. Sa ki parèt yon ti chini pou yon moun kapab parèt yon gwo bout tonton mòn pou yon lòt. Yon moun kabap tolere yon sitiyasyon men yon lòt non. Sa pral depann de ki modèl sistèm valè moun sa a pataje. Pa egzanp, yon moun ki pèdi travay li kapab wè sa tankou yon chay ki sot sou do l (yon liberasyon) epoutan pou yon lòt moun se kapab yon katastwòf. Se menm jan plizyè moun kapab twouve yo nan yon menm sitiyasyon difisil, kounya a nan pwen doulè an vin twòp atò (entolerab) depann de tout resous chak moun genyen pou fè fas a sitiyasyon an.
Genyen ide pou touye tèt ou pa vle di ou kite wè lakay ou siy yon feblès nan moral ou oubyen foli. Li pa vle di tou ou chwazi tout bon pou w mouri. Yo montre senpman nan moman sa a volim soufrans lan twò wo pa rapò a volim soufrans ou ka sipòte. Li enpòtan pou w konnen chak moun diferan nan kapasite yo pou sipòte doulè. Nan limit doulè an vin ensipòtab pou yon moun depann de ki kalite resous moun sa a genyen.
Lè doulè an depase resous ou yo oubyen tout mwayen ak sipò kap pèmèt ou fè fas a moman difisil yo, rezilta a se tout vye lide pou w ta kraze yon kite sa (fè vwèl pou peyi san chapo). Lide pou w touye tèt ou pa ni bon ni pabon, se pa yon defo karaktè ; pa gen rezon pou w ap fè jijman moral sou li. Se jis yon mank ekilib ki gen sous li nan doulè an pa rapò a tout resous ou genyen kap pèmèt ou afwonte tout vye lide sonb yo.
Yon moun ki ta vin diw men sa kap travèse l jiskake li gen lide mete yon bout a lavi l, se pa nèt di l : Zanmi ou mèt ale epi fè kè w kontan ». Fò w pran tan w anvan pou w tande l, pou w fè l wè avèk anpil pasyans yon lòt fason pou l konsidere bagay yo, pou w oryante l bò kèk resous (moun ki kapab ede l remonte moral li) kote li pral jwenn lòt zòrèy ki panche pou tande l nan sitiyasyon krèv kè, sitiyasyon dlo nan je li twouve l.
Anpil fwa sila yo ki ap nouri lide pou yo touye tèt yo se sila ki nan sitiyasyon kote yo deprime, nan ka sa a tretman yo fè kont depresyon an kapab itil anpil pou soulaje yon moun ki twouve l nan yon sitiyasyon konsa. Yon lòt kote, se tèlman moun sa pran tout kalite sibstans ki demantibile sèvo an tankou alkòl ak tout kalite dwòg. Anpil rechèch montre plis pase 95% moun ki touye tèt yo te gen yon mank (defisyans) nan yon òmòn ki rele « Sewotonin » nan kèk rejyon nan sèvo yo.
Ou kapab siviv a tout santiman ki gen pou wè ak lide pou mete bout a lavi w si w deside fè youn oubyen lòt nan 2 bagay sa yo :
- Jwenn yon mwayen pou diminye doulè an ;
- Jwenn yon mwayen pou w ogmante tout resous kap pèmèt ou gonfle venn ou devan pwoblèm yo.
- Oubyen fè tou lè 2 bagay yo.
Tout filozòf, sosyològ, sikològ ak sikyat ki reflechi sou pwoblèm sa a mete yo dakò se yon fenomèn ki touche anpil branch. Pou sa ki gen pou wè ak koz soufrans sikolojik yo kote gen kèk faktè risk tankou depresyon oubyen itilizasyon twòp dwòg makonnen ak de kriz pèsonèl, familyal oubyen sosyal pou mennen moun lan nan chimen pou l touye tèt li. Pou sa ki gen pou wè ak dènye deklanchman konpòtman pou rive fè yon kraze kite sa li varye selon istwa lavi yon moun, pèsonalite l ak sipò moun sa a jwenn nan antouraj li. Se denyè faktè sa a ki anpil fwa parèt enpòtan e ki fè lide pou touye tèt lan vin yon fenomèn kote se konpozant sosyal lan ki pi parèt.
Pierre E. GEDEON
Sikològ.
©Oktòb 2019.
Sous :
Arcan, Nelly. Putain, Seuil, Paris, 2002, 112 p.
Metz,Thierry. L’homme qui penche, Pleine page, paris, 2008, 98 p.

Commentaires
Publier un commentaire